ENGLISH • PORTUGUÊS • ESPAÑOL

NeuraFutures: Espozisyon an

Woburn Public Library genyen ladan kounye a yon espozisyon ki montre rankont ant sèvo moun ak òdinatè, epi kouman yo aji youn ak lòt.

Nan pwojè NeuraFutures la, ekip la kouvri kouman nou anrejistre yon souvni, kouman ou li rèv ou pandan w ap dòmi, ak kouman ou transmèt yon lide bay yon lòt moun ki sou yon diferan kontinan. Otè yo ànalize 450+ liv, video, ak dokimantè televizyon pou montre piblik la pi byen kouman sèvo moun avèk òdinatè aji youn ak lòt, ak kouman yo pa aji. Kòmanse nan lasyans pou rive nan syans fiksyon, depi sèvo nan yon bokal an 1641, pou rive nan kas pou transfè memwa Rick ak Morty an 2021.

Nou pral montre yon seri pwogram ki fè parèt diferans ki nan sa ki espoze a, tankou diferans nan ouvèti, demonstrasyon entè-aktivite, kouman “prop” yo te fèt, ak esplikasyon kesyon sou sa ki espoze a nan sit entènèt entè-aktif.

 

neurafutures exhibit - a glass display in a lobby
Photo credit: NeuraFutures team

Enfòmasyon Jenneral

Nou sèvi avèk 15 an esperyans pou konpoze ak kreye dènye modèl entè-aksyon ki genyen: rakont ant sèvo moun ak òdinatè, kouman sèvo moun ak òdinatè aji youn ak lòt (BCI, ki vle di “brain-computer interface”) nan pwojè NeuraFutures nou an; n ap kouvri kouman nou anrejistre souvni, kouman nou li rèv nou yo, ak kouman nou transmèt yon lide bay yon lòt moun ki sou yon diferan kontinan.

Nou ànalize 500+ liv, video, ak dokimantè televizyon pou montre piblik la pi byen kouman sèvo moun avèk òdinatè aji youn ak lòt, ak kouman yo pa aji.

Ansanm avèk piblik la, nou esplore plizyè senaryo, sèvi avèk egzanp, ak sistèm pi avanse moun imajinen pandan plis pase 500 ane ki pase yo, pou montre kouman nou pre sistèm sa yo, ak pou eseye reponn kesyon sa a ki enpòtan anpil – èske ou vle enplantasyon sa a tout bon depi demen.

Enstalasyon fizik la montre 4 pyès espesyal ou ka jwenn sèlman nan espas fizik ak nan yon seri kaptè nan sèvo moun ak nan pwototip ki fèt nan MIT Media Lab.

Vizit Ou

An pèsonn ak an liy:

#1: Baz enfòmasyon BCI-FI:
Gade nan gwo baz enfòmasyon ki genyen plis pase 500 liv, video, ak dokimantè televizyon, ki montre entè-aksyon sèvo moun avèk òdinatè (BCI), ak 30 dokimantè kounye a nan enstalasyon an neurafutures.com.

Istwa nan BCI-FI:
Fè yon rekil nan tan avèk klip ak video ki montre diferan aksyon nan kòmansman istwa BCI!

Lasyans dèyè BCI:
Plonje pi fon pou enfòmasyon lasyans sou pèsepsyon sèvo, ak pou fè rechèch nan ab.media.mit.edu

Photo credit: NeuraFutures team

Ekip ki dirije enstalasyon an: Dr. Nataliya Kosmyna, Cassandra Scheirer, Shannon Murphy, Samuel Fromovitz, Jackie Sabillon, Rinako Sonobe, Nina Cragg, Marshall Wang, Mina Terzioglu.

Kontribitè: Tatiana Zhizhimontova, Damien Socia, Anna Demko, Sophia Rim, Alexandra Li, Gabriella Nugent, Louis Hand, Zoe Wu, Wandan Li, Zoey Yan, Tina Yuan, Ruifeng Xu, Khiem Nguyen, Yasmeen Hmaidan.

Yon pati finansman an soti nan Council for the Arts.


 

KONNEKTE avèk BIBLIYOTÈK OU

Massachusetts Broadband Institute bay Woburn Public Library 64 Nouvo Òdinatè!

Detailed grayscale image focusing on a Chrome laptop logo, highlighting texture and design.

Kòm avantaj nan yon nouvo inisyativ Massachusetts Broadband Institute (MBI) fenk pran, si ou se yon moun ki rete nan Woburn, epi ou gen plis pase 18 an, avèk yon kat bibliyotèk la, kounye a ou kapab prete youn nan 40 nouvo Chromebook yo pou 2 semenn!

Epitou, pou prete youn nan 24 laptòp Windows nan machin lavant lan pou sèvi nan bibliyotèk la pandan 2 èdtan, sèl sa ou bezwen se yon Kat Bibliyotèk Minuteman. Tout nouvo òdinatè sa yo gratis! Oubyen tou, ou ka sèvi avèk òdinatè piblik ki pre Referans Desk (Kontwa Referans) la avèk yon lesepase vizitè, san kat bibliyotèk, epi gen Wifi gratis tou.


Library of Things

Si se nan Wobum ou rete, ou kapab prete tou 11 Mobile Wi-Fi Hotspots bibliyotèk la, epi nenpòt moun ki gen yon kat bibliyotèk kapab prete akseswa òdinatè nan Library of Things la; men kèk egzanp: sourit san fil, klavye, disk ekstèn, ak teknoloji asistans. MBI bay tou 2 klavye Braille, ak yon estasyon chajman pou Chromebooks.

Bibliyotèk la genyen tou plizyè zouti asistans teknoloji, pou sèvi nan bibliyotèk la oswa pou prete. Nan pami zouti sa yo, genyen Eye-Pal SOLO – Aparèy pou pase nan Eskànè ak fè Lekti (Scanning and Reading Appliance), Agrandisè Zoomax Video (Magnifier), klavye avèk Gwo Lèt, ak Braille. Ou ka wè lis konplè atik ou ka jwenn pou prete avèk kat ou nan Library of Things.


A sleek, modern printer situated on a minimalist office desk with a textured background.

Enprime, Kopye, or Faks

Si ou bezwen enprime, kopye, oswa voye faks – bibliyotèk la mande yon ti peman pou kouvri depans lank ak papye. Ou ka enprime nan òdinatè nou, oswa nan pwòp aparèy ou. Voye eskànè nan yon adrès elektwonnik, oswa nan kle USB pèsonnèl ou GRATIS. Ou ka fè tout operasyon sa yo nan estasyon sèvis pèsonnèl ki pre Reference Desk la. Gen direktiv detaye pou sèvi avèk yo, epi yon anplwaye bibliyotèk la ka ede ou.


Tech Help

Èske ou bezwen asistans avèk òdinatè, oswa kourye elektwonnik, oswa aparèy mobil? Enskri pou yon seyans prive 45 minit nan Tech Help. Ou ka enskri pou randevou a 10 a.m oswa 10:45 a.m nan madi ak vandredi.


Woburn Public Library se yon pati nan Minuteman Library Network

kidonk yon kat bibliyotèk la pèmèt ou jwenn aksè nan plis pase 6 milyon atik nan 42 bibliyotèk.

Kat bibliyotèk la gratis, epi tout moun ki rete MA ka jwenn li avèk yon pyès idantite ki gen foto yo, ak adrès kote yo rete kounye a. Avèk yon kat bibliyotèk la, ou ka prete jiska 150 atik, epi kenbe pifò ladan yo lakay ou pandan plis pase 2 semenn.  Plis Enfòmasyon

Menm san kat, ou ka vini nan bibliyotèk la pou gade koleksyon nou an, ki gen prèske 100 000 atik. Ou mèt li ak anmize avèk liv, magazin, ak jounal yo pandan ou nan bibliyotèk la.

Nou genyen liv fiksyon, liv ki pa fiksyon, komik, video, dokimantè televizyon, ak liv odyo nan plizyè lang. Pa egzanp, ou ka jwenn vèsyon Harry Potter nan 5 lang nan WPL, ak nan 25 lang nan tout MLN! Istwa majik yo kapab prezante nan liv odyo, liv enprime, DVD, ak sou lòt fòm.  Chèche Nan Katalòg La

Sal pou timoun nou an genyen yon seksyon entènasyonnal ki byen founi, ak yon gwo seleksyon liv VOX ak Wonderbooks ki deja gen odyo ladan yo pou koute istwa yo.


 

Ou pa gen anyen pou okipe lespri w? Ou santi ou poukont ou?

Dekouvri gwo varyete pwogram ak aktivite ki genyen nan WPL!
Tout moun envite; ou pa bezwen kat bibliyotèk, men gen aktivite ki mande pou ou enskri.

Wè yon film, yon prezantasyon sou Hollywood, Elvis, oswa the Beattles; jwenn plis enfòmasyon sou finans pèsonnèl. Gen kèk aktivite ki fè ou travay plis avèk men ou, kote ou ka aprann fè desen, pòtre, oswa enpwovizasyon (teyat). Kenbe fizik ou avèk seyans egzèsis yoga chak semenn, oubyen aktivite lespri konpetisyon ou avèk Konkou Pouzèl (Puzzle Races).

Enskri pou klib lekti espesyal ki melanje plizyè enterè, tankou Woburn Walkabout Book Club chak mwa, kote ou mache arebò Horn Pond pandan w ap pale sou liv la, oswa Cookin’ the Books, ki se yon liv ki parèt chak mwa avèk resèt pou fè manje lakay ou, epi pote echantiyon pou pataje avèk gwoup la.

Pou anmizman avèk timoun yo, genyen istwa, chante ansanm, klib liv, ak aktivite STEM; epi pou adolesan yo, genyen yon bon Manga book club, Dungeons ak Dragons, ak yon estidyo anrejistreman. Kèk nan aktivite pou fanmi pi popilè nou yo, se prezantasyon zannimo vivan, ak prezantasyon majisyen ki rale plizyè santèn moun; genyen tou jou fèt espesyal, ak aktivite kiltirèl tankou selebrasyon Juneteenth, Pumpkinpalooza, ak kònmiz pou jou Sen Patrik!